Yon patrimwàn vivan pou pataje.
Jounen Cuisine Ayisyèn nan se yon gwo fwa gastronomik ki ouvè pou tout kominote a! Li antre nan yon demach ki vize selebre kilti ayisyen an nan tout richès ak divèsite li.
Atravè gastronomi, atizay, mizik ak tradisyon, evènman an mete aksan sou eritaj inik Ayiti epi li bay piblik la yon okazyon espesyal pou rekonekte ak rasin yo, valorize idantite yo, transmèt patrimwàn yo ak fyète, epi pataje li ak lòt kominote ansanm ak jenerasyon k ap vini yo.
Vin viv yon eksperyans gastronomik inik, kote plizyè chèf pral prezante pwòp meni pa yo, enspire pa gou otantik Ayiti.


